Psalms 87:4
Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:
Cross References
2 Samuel 21:16Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li.
2 Kings 20:17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Psalms 45:12(045:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
Psalms 89:10(089:11) Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.
Psalms 137:8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!