Psalms 88:11
(088:12) Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
Bib La
In The King James Version
Shall thy lovingkindness be declared in the grave? or thy faithfulness in destruction?
In Context
10(088:11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
Cross References
Job 26:6Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'.
Psalms 55:23(055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
Proverbs 15:11Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun.
Ezekiel 37:3Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen!
Romans 9:22Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri.