Psalms 88:12
(088:13) Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
Bib La
In The King James Version
Shall thy wonders be known in the dark? and thy righteousness in the land of forgetfulness?
In Context
13(088:14) Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
Cross References
Job 10:21Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
Psalms 88:5(088:6) Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
Ecclesiastes 2:16Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.
Ecclesiastes 9:5Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo.
Matthew 8:12Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.