Psalms 89:10
(089:11) Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9(089:10) Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.
11(089:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.
Cross References
Exodus 7:1Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.
Psalms 59:11(059:12) Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.
Psalms 68:1(068:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. (068:2) Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt.
Psalms 78:43lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
Psalms 105:27Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.