Psalms 89:17
(089:18) Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.
Bib La
In The King James Version
For thou art the glory of their strength: and in thy favour our horn shall be exalted.
In Context
16(089:17) Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
18(089:19) Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
Cross References
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
Nehemiah 8:10Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!
Psalms 75:10(075:11) L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!
Psalms 92:10(092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
Psalms 132:17Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.