Psalms 89:2
(089:3) Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Nehemiah 9:17Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.
Psalms 36:5(036:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
Psalms 42:1(042:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (042:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Psalms 89:37(089:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
Psalms 119:89Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.