Psalms 89:29
(089:30) M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.
Bib La
In The King James Version
His seed also will I make to endure for ever, and his throne as the days of heaven.
In Context
28(089:29) M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.
30(089:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,
Cross References
Deuteronomy 11:21pou nou ka viv lontan, nou menm ansanm ak tout ras nou yo, nan peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo toutotan va gen yon syèl anwo tè a.
1 Chronicles 17:11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
Psalms 21:4(021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
Psalms 89:4(089:5) W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.
Psalms 132:11Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.