Psalms 89:5
(089:6) Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
6(089:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
Cross References
1 Chronicles 17:11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
Job 5:1Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?
Psalms 50:6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Psalms 89:7(089:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
Psalms 89:37(089:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
Psalms 132:11Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.