Psalms 89:8
(089:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!
Bib La
In The King James Version
O LORD God of hosts, who is a strong LORD like unto thee? or to thy faithfulness round about thee?
In Context
7(089:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
9(089:10) Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.
Cross References
Deuteronomy 7:21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.
Joshua 22:22-Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
1 Samuel 15:19Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi.
Job 9:19Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
Psalms 24:8Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.
Psalms 71:19jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!