Psalms 9:14
(09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:7Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
Psalms 13:5(013:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.
Psalms 21:1(021:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (021:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
Psalms 22:25(022:26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
Psalms 35:18M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.