Psalms 90:17
Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
Cross References
Job 22:28Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.
Psalms 50:2Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
Psalms 80:3(080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Proverbs 16:3Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.
1 Corinthians 3:7Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.