Psalms 90:8
Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
Bib La
In The King James Version
Thou hast set our iniquities before thee, our secret sins in the light of thy countenance.
In Context
7Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.
9Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
Cross References
Leviticus 4:23rive li rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a.
Job 10:14Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
Psalms 10:11Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.
Psalms 50:21Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Psalms 109:15Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
Proverbs 5:21Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou.