Psalms 91:1
Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Bib La
In The King James Version
He that dwelleth in the secret place of the most High shall abide under the shadow of the Almighty.
In Context
Cross References
Judges 9:15Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!
Psalms 17:8Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou.
Psalms 27:5Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
Psalms 32:7Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.
Psalms 52:8(052:10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
Psalms 61:3(061:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.