Psalms 91:15
Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
16M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Job 12:4Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.
Psalms 18:3(018:4) Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
Psalms 23:4Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
Psalms 50:15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.