Psalms 91:5
Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.
Bib La
In The King James Version
Thou shalt not be afraid for the terror by night; nor for the arrow that flieth by day;
In Context
Cross References
Job 4:13Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.
Job 6:4Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Psalms 3:5(03:6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.
Psalms 46:2(046:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Proverbs 3:23W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
Proverbs 3:25Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.