Psalms 92:12
(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
Bib La
In The King James Version
The righteous shall flourish like the palm tree: he shall grow like a cedar in Lebanon.
In Context
13(092:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
Cross References
1 Kings 4:33Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason.
Esther 9:5Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pa t' vle wè yo.
Psalms 37:34Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
Psalms 72:7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Psalms 104:16Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.
Isaiah 55:13Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Seyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pesonn p'ap ka detwi.