Psalms 94:19
Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan.
Bib La
In The King James Version
In the multitude of my thoughts within me thy comforts delight my soul.
In Context
18Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè.
20Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
Cross References
Psalms 61:2(061:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
Psalms 73:12Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.
Jeremiah 20:7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.
Lamentations 3:24Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.
Romans 5:2Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
1 Peter 1:7Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.