Psalms 94:22
Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.
Bib La
In The King James Version
But the LORD is my defence; and my God is the rock of my refuge.
In Context
21Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.
Cross References
Psalms 18:2(018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
Psalms 59:9(059:10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.
Psalms 62:2(062:3) Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
Psalms 62:8(062:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
Isaiah 33:16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.