Psalms 95:10
Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:33Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a.
Deuteronomy 1:3Se premye jou nan onzyèm mwa karantyèm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fè pale sa a ak pèp Izrayèl la, jan Seyè a te mande l' la.
Job 21:14Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.
Proverbs 1:22L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?
Jeremiah 9:6Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
John 3:19Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.