Psalms 95:11
Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
Bib La
In The King James Version
Unto whom I sware in my wrath that they should not enter into my rest.
In Context
Cross References
Numbers 14:23Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a.
Numbers 14:30Dakò! Mwen te fè sèman mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men, nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun lan.
Deuteronomy 1:35Pa gen yonn nan tout move sije sa yo k'ap viv koulye a k'ap antre nan bon peyi mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo,
Jeremiah 6:16Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!
Hosea 4:4Seyè a di: Piga pesonn louvri bouch yo di yon mo! Piga pesonn kritike anyen! Se nou menm prèt yo, m'ap akize koulye a.
Hebrews 3:11Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.