Psalms 96:12
Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,
Bib La
In The King James Version
Let the field be joyful, and all that is therein: then shall all the trees of the wood rejoice
In Context
Cross References
Psalms 65:12(065:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.
Isaiah 35:2Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.
Isaiah 44:23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
Isaiah 55:12N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!