Psalms 96:3
Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Bib La
In The King James Version
Declare his glory among the heathen, his wonders among all people.
In Context
2Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 72:18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
Psalms 150:2Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!
Isaiah 49:6Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Daniel 6:26Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini.
Zechariah 9:10Seyè a di: -M'ap wete tout cha lagè ki nan peyi Efrayim. M'ap wete dènye chwal ki nan lavil Jerizalèm. M'ap kraze dènye banza yo sèvi pou fè lagè. Wa nou an pral fè tout nasyon yo viv byen yonn ak lòt. M'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè.