Psalms 97:10
Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
11Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
Cross References
Psalms 34:14(034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
Psalms 37:27Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.
Psalms 91:14Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
Psalms 119:104Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
Psalms 121:7Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
Psalms 145:20L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.