Psalms 97:12
Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
Bib La
In The King James Version
Rejoice in the LORD, ye righteous; and give thanks at the remembrance of his holiness.
In Context
11Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
Cross References
Psalms 30:4(030:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
Psalms 32:11Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.
Habakkuk 1:12Seyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m', Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Seyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m'! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?
Zephaniah 3:14Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
Hebrews 12:10Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.