Psalms 97:5
Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
6Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
Cross References
Judges 5:4Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.
Psalms 46:6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Psalms 75:4(075:5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!
Isaiah 24:19Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l'.
Isaiah 64:1Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble.
Micah 1:4Mòn yo ap fonn anba pye l' tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.