Psalms 98:5
Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!
Bib La
In The King James Version
Sing unto the LORD with the harp; with the harp, and the voice of a psalm.
In Context
4Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!
6Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
Cross References
1 Chronicles 15:28Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la.
2 Chronicles 29:25Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
Psalms 71:22Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.
Psalms 147:7Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
Revelation 5:8Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.