Psalms 99:3
Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!
Bib La
In The King James Version
Let them praise thy great and terrible name; for it is holy.
In Context
2Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
Cross References
Deuteronomy 7:21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.
Joshua 24:19Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal.
Nehemiah 1:5Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.
Nehemiah 9:5Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la.
Psalms 66:3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Psalms 76:12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.