Psalms 99:9
Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.
Bib La
In The King James Version
Exalt the LORD our God, and worship at his holy hill; for the LORD our God is holy.
In Context
Cross References
Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
Psalms 48:2(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
Psalms 99:3Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!
Psalms 132:7Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.
Isaiah 6:3Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
Habakkuk 1:12Seyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m', Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Seyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m'! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?