Apokalips 1:11
Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 30:8Seyè a di m': -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l' nan yon woulo liv, pou sa ka toujou sèvi m' temwen kont yo pou tout tan tout tan.
Habakkuk 2:2Men repons Seyè a ban mwen. Li di m' konsa: -Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave l' byen grave sou wòch plat pou moun ka li l' fasil.
Acts 18:24Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.
Acts 20:17Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li.
1 Corinthians 16:8Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt.
Colossians 4:15Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo.