Apokalips 1:15
Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife.
Cross References
Psalms 93:4Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
Ezekiel 1:7Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli.
Ezekiel 43:2Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè.
Revelation 2:18Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l' konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l' yo tankou de flanm dife, ak pie l' yo klere tankou kwiv poli.
Revelation 19:6Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.