Apokalips 1:18
Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Ekri tou sa ou wè a: ni sa k'ap pase koulye a, ni sa ki gen pou rive apre.
Cross References
Psalms 18:46(018:47) Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
Isaiah 22:22Apre wa a, pitit pitit ki soti nan fanmi David la, se li menm k'ap sèl chèf. M'ap ba li kle pou l' reskonsab kay David la: Lè li louvri, pesonn p'ap ka fèmen. Lè li fèmen, pesonn p'ap ka louvri.
John 14:19Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
Romans 14:8si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye.
2 Corinthians 13:4Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.
Colossians 3:3Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.