Apokalips 1:2
Se menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesaj ki soti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l' konnen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 3:11Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.
John 19:35Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.
Acts 4:20Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.
Acts 26:16Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa.
1 Corinthians 2:1Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.
1 John 4:14Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.