Apokalips 1:8
Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 28:3Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Genesis 43:14M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.
Genesis 49:25Sa soti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki soti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap soti anba tè a, avèk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman.
Numbers 24:4pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
Isaiah 41:4Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kòmansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Seyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.