Apokalips 10:1
Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.
Cross References
Exodus 16:10Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la.
Psalms 97:2Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
Song of Solomon 5:15Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo.
Isaiah 54:9Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.
Ezekiel 1:28Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
Daniel 10:6Kò l' te klere tankou yon wòch poli. Figi l' te tankou zèklè. Je l' yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l' ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l' pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm.