Apokalips 10:3
Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.
Cross References
Isaiah 5:29Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l' ale. Pa gen moun ki pou rache l' soti nan bouch yo!
Isaiah 42:13Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.
Joel 3:16Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
Amos 3:8Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?
Revelation 8:5Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.
Revelation 15:1Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.