Apokalips 10:4
Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl.
Cross References
Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.
Isaiah 8:16Se pou patizan m' yo kenbe pawòl Bondye di m' lan. Se pou yo kenbe lòd Bondye yo nan kè yo!
Daniel 8:26Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.
Daniel 12:9Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini.
Revelation 1:11Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.
Revelation 22:10Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.