Apokalips 11:12
Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa soti nan sièl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: Moute bò isit. Yo moute nan sièl la sou yon nwaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 2:1Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.
2 Kings 2:7Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.
Psalms 15:1Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?
Psalms 86:17Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!
Isaiah 14:13Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.
Isaiah 60:8Ki tout moun sa yo? Y'ap plane tankou yon nwaj nan syèl la, tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo?