Apokalips 11:17
Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 21:13(021:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!
Psalms 64:9(064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
Psalms 102:13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Isaiah 52:10Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.
Daniel 6:10Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
Luke 10:21Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.