Apokalips 11:2
Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 79:1Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.
Isaiah 52:1Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
Ezekiel 40:17Nonm lan fè m' pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo.
Daniel 7:19Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'.
Daniel 8:10Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'.
Daniel 12:7Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.