Apokalips 11:3
M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou.
Bib La
In The King James Version
In Context
4De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.
Cross References
Genesis 37:34Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.
Deuteronomy 17:6Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò.
1 Chronicles 21:16David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.
Job 16:15Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
Lamentations 2:10Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese.
Matthew 18:16Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.