Apokalips 11:5
Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
4De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.
Cross References
2 Kings 1:10Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
Isaiah 11:4L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Jeremiah 5:14Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt.
Hosea 6:5Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l' aklè devan nou.
Zechariah 2:8Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.