Apokalips 12:1
Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele.
Cross References
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Song of Solomon 6:10Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
Isaiah 54:5Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Isaiah 62:3W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
Zechariah 9:16Jou sa a, Seyè a, Bondye yo a, va delivre yo. Tankou yon bon gadò, l'ap sove bann mouton l' yo. Yo pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.