Apokalips 12:14
Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l' te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l' manje pandan twazan sis mwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l' sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an.
Cross References
Exodus 19:4Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen.
Psalms 55:6(055:7) Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo.
Daniel 7:25L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.
Revelation 11:2Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa.
Revelation 17:3Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.