Apokalips 12:3
Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele.
Cross References
Isaiah 27:1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
Daniel 2:41Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la.
Daniel 7:7Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.
Daniel 7:24Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.
Revelation 12:4Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.
Revelation 12:17(17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.