Apokalips 13:15
Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:7Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Psalms 135:16Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.
Jeremiah 10:14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
Daniel 3:3Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a.
Daniel 7:25L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.
James 2:26Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.