Apokalips 13:6
Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 3:1Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la.
Matthew 15:19Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.
Romans 3:13Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
Colossians 2:9Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye.
Hebrews 9:11Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè.
Hebrews 12:22Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.