Revelation 13:8
Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande!
Cross References
Exodus 32:32Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a.
Daniel 12:1Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.
Luke 10:20Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
Ephesians 1:4Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,
Titus 1:2pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
Revelation 3:5Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.