Apokalips 14:20
Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 63:1Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.
Lamentations 1:15Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.
Ezekiel 39:17Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.
Revelation 11:8Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip.