Apokalips 14:3
Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 25:14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
Psalms 40:3(040:4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.
Psalms 98:1Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Psalms 149:1Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
1 Corinthians 2:14Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.