Apokalips 14:6
Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.
Cross References
2 Samuel 23:5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
Psalms 139:24Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.
Isaiah 6:2Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole.
Isaiah 40:8Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!
Isaiah 51:6Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.
Ezekiel 1:14Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.